22 Ala Yon Mèveye Mèveye Jou

1.
Ala yon mèvèye, mèvèye jou
Jou m pa ka jamè bliye,
Lè m te nan tenèb, pèdi nan labou,
Jezi Sovè m mwen kontre;
Ala yon zanmi ki gen charite,
Li satisfè m ak gras Li,
Li pran tristès mwen, Li plen m ak lajwa
E Li fè tout tenèb mwen pati.

_Kè:_
_Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa,_
_Lè Sovè mwen te sove m sou lakwa._
_Tout peche m padone,_
_Tenèb mwen tounen limyè._
_Syèl la desann, plen nanm mwen ak lajwa._

2.
Fèt yon lòt fwa ak pisans Lespri Sen,
Li fè m yon pitit Bondye,
Lanmou Kalvè jistifye m, se sèten,
Li ban m yon ran bò kote l;
Travay sa a fèt nan yon ti moman
Lè m repanti nan peche m,
Lè m aksepte Li e lè m konfese Li,
O beni non Li, Li sove m.

3.
Alèkile, esperans mwen genyen
La dire tout lavi sa a
L a fini yon jou, men m tout asire
M ap jwenn yon plas nan syèl la.
Tou sa rive m paske yon bèl jou
Mwen te kwè nan Jezikri,
Byenfè yo si bèl ak lavi etènèl
Mwen resevwa tout nan men Li.