1.
Arebò yon chemen ki mennen Jeriko;
Jezi te rankontre yon mandyan
yon vye rad te sou li
Tou de je l te fèmen,
Li t ap mande charite
Refren:
Jezi te di l: ou mèt ale ! _(2 fwa)_
Depi menm lè sa a li wè.
2.
Lè ou gade nan Jan chapit 8, vèsè 12
Jezi di se li menm ki limyè
Moun ki swiv li p ap janm mache
Nan nwa ankò
Li va gen limyè, lavi.
3.
Pawòl mwen se yon lanp
Nan pye ou, si ou swiv mwen
Yon limyè nan kè nou pou toutan
Moun ki swiv mwen p ap janm
Mache nan nwa ankò
Li va gen limyè lavi.