1
Pandan m vi n jwen Jezu
M we nan pwen chaj anko
Ka Jezu wete yo li mate m an libete
M te gen gad pou m peye
Libera pou m te chante
E anpil lot bagay pou m te kapab sove.
Ke
Men Jezu di mwen non
Se pa sa pou mwen fe
Se pou mwen sevi Bondie
Pou mwen kapab sove
Nan pwen anyen sou la te
Ki kapab sove peson
Nan tout bagay se pou n
Rele Bondie.
2
Mwen te desan n sentiv
Mwen tale pran de vozyon
Chaple mwen te nan men m
Meday sen te nan kou m
Etan m tap liminen
Men dife te pran sou mwen
Si pa te Ievanjii
Depi le a m ta mouri
3
M tale bakonwa, m tale konsilte ou gan
Le m rive bakonwa
Li monte yon chat nwa ban mwen
Le m rive potoprens
Men chat la vle devore m
Granmesi Ievanjii ki te ban mwen lavi.
4
Mwen tale sentandre
Mwen tale mande l maryaj
Le m rive sentandre
Yo repon n mwen pou m marye
Mwen te marye Samedi
Nan Lendi mwen divose
Yo te ban m sentandre
Yo pate ban m Jezu Kris
5
Mwen tale vil bone
Mwen tale chache bone
Le m rive me n kabrit
Kamyon chavire ave m
Lamen de Letenel
Ki sove rn ki delivre m
Gran mesi Ievanjii
Ki te ban mwen la vi.