10 Ki moun ki kapab mete bane

00 Reveillons Nous Chrétiens | RNCC / Page 000
10. Ki moun ki kapab mete bane

Ki moun ki kapab mete bane
Ki moun ki kapab mete gnou frin
Ki moun ki kapab mete muso
Pou m pa chante parol Bondie (le tout 3 fois)

I
Zanmi m kape koute se temouayaj map ba ou
Ou doue fe atantion pou tande parol sa a
Pou jan la vi m te ye pat gin espoua pou moin
aksepte parol la, parol la te chanje m
Maksepte parol la, parol la transfome m.

II
Parol la telman bon, se li kree siel la
Parol la telman bon, se li kree te ya
Parol la telman bon, li kree pie boua yo
Bondie selman pale, tout bagay te kree
Bondie selman pale, tout bagay te kree.

Ill
Depi okomansman la parol la te la
Te ya pat ko kree la parol la te la
Abraram pat ko fet la parol la te la
Tout kote moin pase fom pale parol sa
Tout kote moin pase fom koze koze sa a.