17 Jezu Kri, chak jou nan la vi m

1
Jezu Kri, chak jou nan la vi m
M santi prezans ou
Zie ou klere sou moin Segne
Ou gide m tout kote m ale
Ou ban moin fos avek kouraj
Jezu bon papa, pa lese moin souple

2
Jezu kri, chak jou nan la vi m
M bezouin prezans ou
Le ou ekate m la vi m trouble
Moin pa oue devan moin pa oue deye
Peche moin mete m nan la pe n
Jezu bon papa, pa lese moin souple

Ke
Si m ta bite
Voye zanj yo kinbe min m souple
( 2fwa)
Le male yo rive ee kanpe la
Si m ta bite
Voye zanj yo kinbe min m souple
Le male yo rive ee kanpe la.

3
Jezu kri chak jou nan la vin m
Se gnou lut pou nou
Le n vle fe byin
Se mal la nou oue
Batay Satan nap reziste
Kou tantasion ak pesekision
Ak pasians Jezu kri, na pote la vie
toua.