1.
Tout lavi mwen, mwen t ap soufri,
M t ap chèche yon dlo pou m bwè;
Ki t ap soulaje m pou toutan,
Swaf la ki te plen kè mwen.
Kè:
Alelouya mwen jwenn Jezi
Lontan nanm mwen te chèche;
Jezi satisfè tout kè mwen,
Se ak san Li mwen sove.
2.
Manje lemonn te plen vant mwen
Men mwen pa t gen kè poze
Mwen t ap chèche sa ki pi bon
Nanm mwen te toujou grangou.
3.
Mwen te pòv, lajan m t ap chèche
Yon bagay pou satisfè m,
Men tou sa mwen t ap rasanble
Pat fè anyen pou nanm mwen.
4.
Yon sous dlo ki toujou koule,
Pen lavi si bon, san pri,
E richès ki satisfè mwen.
Mwen jwenn tou sa nan Jezi.