1.
Se yon chan jwaye,
yon nouvèl mèveye,
Nanpwen lòt kon li
Nan lemonn antye;
Mwen renmen chante l
E m a pwoklame l
Bondye nou se li
Ki ka ba w delivrans.
Kè:
Se Bondye ki kapab delivre,
Se Li sèl ki toujou delivre,
Tout fado peche, sou Li depoze,
Paske Bondye nou
Kapab bay delivrans
2.
Moun ki vle vini
Pa dwe janm mize,
Pòt la byen louvri pou l kapab antre;
Kris se chemen, laverite, lavi,
Bondye nou se li
Ki ka ba w delivrans
3.
Se yon chan jwaye,
Pwoklame l byen lwen,
Pou tout aflije anba chay peche,
Kapab resevwa padon pa lafwa,
Bondye nou se li
Ki ka ba w delivrans.