1.
Pwomès sa yo byen dous,
Pawòl la bon,
Li pi presie pase
Nenpòt ki lòt mesaj;
Kris te gen panse pwop,
Li san peche,
Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.
Kè:
Lè l kondwi m m ap swiv li,
Swiv li pou toujou,
Lè l kondwi m ma swiv li.
Mwen va swiv Li pou toujou.
2.
Lanmou Jezi montre m, se mèvèye,
Pi dous pase tou sa
Lèzòm kapab panse,
Pou sa yo ki pèdi, l ape plede,
Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.
3.
«Vini jwenn mwen» se sa l ap repete,
Pou ou genyen repo, ou menm ki fatige,
Konfye w nan pwomès Li, se asire,
Li se pi gran egzanp ki te ka egziste.