1.
Petèt se pa sou yon gwo montay,
Ni nan yon peyi byen lwen;
Petèt se pa nan yon gran batay,
Ou va sèvi avèk mwen;
Men si se vwa pa Ou ki pale,
Menm si mwen pa gen anyen,
M ap reponn, Bondye,
Ak men Ou sou mwen,
Mwen va ale kote Ou vle.
Kè:
Mwen vle ale kote Ou vle, Bondye,
Nan mòn, sou lanmè, nan vale.
Mwen va di sa Ou vle mwen di, Bondye,
Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.
2.
Petèt jodi a se pawòl dous
Jezi vle pou mwen pale;
San dout dwe genyen sou wout la tou,
Moun ki pèdi pou m chèche.
O Bon Sovè mwen, si Ou va gide m,
E si sou wout la Ou kenbe m,
Mwen va repete mesaj lavi,
Mwen va di sa Ou vle mwen di.
3.
Mwen konprann ou kite yon plas
Nan gran rekòt monn sa a,
Kote m ka fè, menm yon ti kras
Pou Jezi, Krisifie a.
M a mete konfyans mwen nan Ou, Senyè m
Paske Ou te renmen mwen vre;
M a fè volonte Ou, Sovè mwen,
Mwen va sa Ou vle pou mwen ye.