1.
Nwit espesyal, bèl zetwal yo ap briye,
Se lannwit lè JeziKri te fèt.
Lontan lemonn te egare nan peche
Jouk Li parèt e nanm mwen te viv ankò.
Kè:
Gwo kontantman, tout monn lan ape rejwi_
Lè gwo limyè a fè yon nouvo jou parèt.
Mete jenou atè. O tande sa y ap chante!
Nwit espesyal! O nwit! O nwit! lè Kris te fèt
Nwit espesyal! O nwit, O nwit! espesyal!
2.
Nou swiv limyè sa a avèk tout gwo lajwa,
Kè nou rampli ak lanmou pou JeziKri.
Adore Senyè a ki fèt pou sove nou,
Ann swiv Li menm jan
Maj yo te swiv Li.