1.
Mwen konnen yon Non,
Yon non mèveye,
zanj yo te vin pòte ban nou.
Syèl la t ap klere lè yo te pale.
Non sa a ki si bèl, si dou.
Kè:
Non sa a ki si gran,
Non mèveye sa a.
K delivre nou nan peche.
Ala yon bèl non! Ala yon gran non!
Se Jezikri sovè nou an.
2.
Mwen renmen Non sa a,
Non mèveye sa a.
Ki pi bèl pase tout lòt non.
Depi m te konnen lanmou li pou mwen,
Mwen te ba Li tout lavi m.