1.
Mwen te vin jwenn
Jezi byen fatige,
Jezi ban mwen repo (bis)
Alèkile kè mwen vini byen ge,
Jezi ban mwen repo.
Kè:
Jezi se sèl Sovè m,
Li padone peche m.
Li mete yon chan nan kè mwen.
Mwen kontan, Jezi se sèl Sovè m.
Jezi se sèl Sovè m.
2.
Fado peche m
Te twò lou pou m pote;
Jezi soulaje mwen _(bis)_
Mwen ba Li tout
Fado m alèkile;
Jezi soulaje mwen!
3.
Jezi wete tout kondanasyon mwen
Li padone peche m _(bis)_
E kounye a gen lapè nan kè mwen
Li padone peche m.
4.
Vin jwenn Jezi,
Vin jwenn Li jodi a
L a wete peche ou (bis)
L a fè ou kontan, Li va sove ou;
L a wete peche ou!