1.
Mwen mache nan yon vye chemen,
Mwen pa janm jwenn sekou
Fado mwen dekouraje mwen
Li sanble tèlman lou,
Mwen plenyen, mwen di Jezi:
Moun yo pa gen lanmou
Epi Li reponn mwen
Ak vwa l si dous:
Mwen te bouke, mwen menm tou,
Lè m mache sou Kalvè,
Kwa mwen te vin tèlman lou
Mwen tonbe m te tonbe
Kretyen, se pou ou fidèl,
Repo ou pa twò lwen,
Pran kwa ou non,
E mache avèk mwen.
2.
Souvan mwen konn vante tèt mwen,
Mwen di m fè gwo travay,
E pou m mache nan chemen an
Mwen fè gran sakrifis.
M abandone anpil bagay
Pou m vin disip Kris.
Epi li reponn mwen
Ak vwa l byen tris:
Mwen kite bèl laglwa mwen,
Mwen fè sa ak lajwa,
Lemonn pa resevwa mwen,
Yo kloure m sou yon kwa.
Ou menm kab fè chemen an
Ak men ou nan men mwen,
Pran kwa ou non,
E mache avèk mwen.
3.
Kounye a, Jezi, m vle swiv ou
Avèk imilite,
Menm si m ta dwe mouri pou ou
Sa pa t ap fè m peye
Tout lanmou san mezi ou
Lanmò ou te montre m
Ak vwa l byen dous
Li reponn, Li mande m:
Si se sèlman yon vè dlo
Mwen vle ou bay pou mwen,
Oubyen, pòte gwo fado
Ki peze jouk lafen,
Menm si mwen vle ou soufri
E menm mouri pou mwen
Jezi, m a pran kwa mwen,
M a fè l pou ou.