33 Mèvéyé Kris Nan Yon Krèch Té Vini

1.
Ala Mèvèy nan yon krèch Kris  vini,
Nan fòm yon moun pou li ban nou lavi.
Lanmou Bondye vin jwenn mpun ki pèdi
Pale ak kè yo pou yo repanti.

Kè:
Non Jezi se mèvèy, kouwòn li se mèveye,
Byenfè li ak viktwa li se mèvèy.
Mòn Kalvè se mèvèy,
Gras Li se mèvèy,
O Senyè nou, lanmou ou se mèvèy.

2.
Lavi Jezi nan nou se gwo mèvèy,
Lanmou li pou tout moun pa gen parèy.
Bonte li manifeste san mezi
Pou moun ki aksepte l ka gen lavi.

3.
Ala mèvèy lanmò li bay viktwa!
Li te aksepte mouri sou yon kwa
LI leve vivan pou ban nou lavi
Konsa li kaba dènye lenmi.