1.
M konfye m nan Bondye tout kote mwen ye.
Ni sou latè, ni sou lanmè twouble;
Nan tout traka, nan lavi sa a
Papa m nan syèl la ape veye mwen.
Kè:
M konfye m nan li,
Mwen konnen L ap pran swen mwen,
Nan dezè a, ou nan move chemen,
Lanmè pouse m, Bondye kenbe m
Papa m nan syèl la ape veye mwen.
2.
Li gade flè nan jaden toupatou,
Li pran swen zwazo k ap chante pou nou,
jiska lafen, L ap sonje mwen,
Papa m nan syèl la ape veye mwen.
3.
Wout la ka di, nyaj yo kouvri mwen,
Bèje a gade mouton l jouk lafen
Apre monn sa a, n a wè syèl la,
Papa m nan syèl la ape veye mwen.