38 Isi-ba Mouin Satisfè Ak Gnou Ti Kay

1.
Isi ba mwen satisfè ak sa m genyen
Ak mezi byen Jezi vle ban mwen.
M konnen nan syèl la
Kote zanj y ap chante
Mwen gen yon palè depi mwen sove.

Kè:
Nan peyi anwo a
Mwen genyen yon palè
Se lòtbò mòn lan
Mwen anvi rive,
Yon jou m a wè li
Lè Jezi va vini
M a louwe Li pou letènite.

2.
Malgre mwen tante,
Toumante, meprize
Kèk fwa menm tèt mwen
Konn byen chaje.
Mwen se vwayajè
Mwen prale nan syèl la.
Mwen wè ak lafwa
Yon palè laba.

3.
Mwen pa malere,
Mwen p ap dekouraje
Mwen santi mwen byen,
E mwen vle chante.
Devan twòn Bondye,
M ap ansanm ak zanj yo,
Chante pou Jezi
yon kantik nouvo.