Kè:
Prezans ou pi chè pase lò
Prezans ou pi dous pase myèl
Tout moun ki goute li konn sa
Ala ou bon Senyè Jezi!
1.
Se pou non ou beni
Ou menm Bondye trè wo
Se pou tout sa k nan nou beni ou
Se ou ki padone tout inikite n yo
E ki geri tout maladi n yo
2.
Non ou se Emanyèl
Ki se Bondye ak nou
Nou tout reyini pou laglwa ou
Nou vle pou w touche nou
pandan n ap chache ou
Manifeste prezans ou Senyè.
3.
Lè n atriste Lespri ou
Se jemi n ap jemi
Tout zo nan kò nou yo ap griye
Benediksyon pa nou,
se kouri pou peche
Pou n kapab toujou nan prezans ou.