42 Mwen te twouve m yon jou nan yon wout difisil

1
Mwen te twouve m yon jou nan yon wout difisil
Mwen t ap mande ki kote mwen prale
Mwen tande yon vwa dous
K ap rele m vin jwenn li
Depi lè sa mwen konnen m asire.


Pou m antre Kanaran nan bèl vil selès la
Fò m aksepte soufri avek lafwa
Nan dezè a m konnen fòk genyen dlo nan je
M ap rete fidèl, fò m wè Sovè a.

2.
Si gen grangou, lapèn ak mizè tèt chaje
M ap leve je m gade bon Sovè a
Mwen deside m tout bon fòk mwen rive laba
Kote mèt mwen pra l ban m vrè rekonpans.

3.
Sa gen lontan depi m ap soufri sou wout la
Malgre traka mwen kwè m ava rive
Mwen tande vwa Jezi
K ap di mwen pran kouraj
Lè m a rive m a bliye tout mizè.

4.
Nan dezè a m konnen fòk gen dezolasyon
Fòk gen traka, tristès ak tet chaje
Men malgre tou, m konnen
M ap wè vil Kanaran
Kote zanj yo ak Kris pral di m bravo.

5.
Zanmi mwen si nou vle pou n wè vil kanaran
Fò n bay Jezi vre direksyon lavi nou
Pa pè pa krent men m si
Wout la paret fè nwa
Genyen yon jou tout bagay va fini.