1.
Ki kote m ta ye san Senyè a?
Kote m ta pase letènite m?
Pèdi nan lemonn plen ak tristès
San Jezi ki kote m ta ye?
2.
Kisa m ta fè si m pa t gen Jezi?
Kòman m ta viv nan monn san espwa
Pèdi nan tristès chaje ak pèn
San Jezi, kisa mwen ta fè
3.
Mwen te fin pèdi, Jezi jwenn mwen
Poutèt sa m ap chante louwanj li
Nan lemonn ki pa gen lapè
Alelouya! Jezikri jwenn mwen.