1.
Mwen tande bri a kouri
Menm senkant fwa deja
Jodi a zòrèy mwen tande l
Se sa k fè m kwè se vre
Golyat kanpe devan m
Ala yon gwo gason!
Chak mo k soti nan bouch li
Te fè cheve m sekwe.
Kè
Wi, Golyat, ou gwo nèg vre
Men w ap pèdi batay la
Lè piti ki devan ou la
Kanpe nan non Bondye
Ni pisans, fòs ak ladrès
Se Bondye ki bay yo.
Jodi a monche Golyat
Ti zwazo pral bwè san w.
2.
Tout pèp la te reyini
Je yo tout te sou mwen
Lè Golyat t ape pwoche
Li panse l t ap kraze m
Je li te fè zeklè
Misye fache tout bon
Menm lè epe l anlè
M konnen m t ap gen viktwa.
3.
Wi, mwen kraze Golyat vre
Avèk yon ti grenn wòch
Pisans Bondye a fè m
Disparèt gwo nèg sa a
Peche yo se Golyat
Lè yo vin sou wout mwen
Mwen rele Bondye Wa tout wa a
Mwen gen viktwa sou yo.