Bonswa frè e sè nan Senyè a
Mwen te anvi wè n
Men ki jan nou ye, eske n ap kenbe
Pinga nou lage tande
Jezikri nan pòt la l ap vini,
Dou, doudou wa _(2 fwa)_
Li lè pou n al rankontre zanj yo
Nan wayòm syèl la
Jezi chita se nou l ap ret tann
Ann ale frè mwen
Pa rete chita le ya rive e e e
Doudou, doudou wa _(2 fwa)_
Jezi se siwo, Jezi se siwo
Ale chèche gode w, vin ranmase siwo.