Benediksyon pou moun ki met
konfyans yo nan Senyè a
Wi pou tout moun ki met espwa yo nan li
L ap tankòu yon pyebwa ki plante bò larivye
K ap plonje rasin li yo nan dlo
Li pa pè anyen lè sezon chalè rive
Paske fèy li yo ap toujou vèt, se vre
Yon lane sechrès pase sa pa fè l anyen
L ap toujou donnen _(2 fwa)_
L ap toujou donnen nan Senyè a.