7 Pi bon zanmi mouin

1.
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi,
Li avèk mwen kote m pase;
Se Li menm rakonte tout afè m
Li toujou ban m konsèy.


Pa gen yon lòt ki renmen m kon Li
Li konnen tou sa ki nan kè m
Pi bon zanmi mwen genyen se Jezi
Pa gen yon lòt kon Li.

2.
Lemonn kwè yo ka separe m ak Kris
Yo pa kapab, yo pa kapab,
Paske alyans la te fèt ak san Li
Yo pakab kraze l.

3.
Mwen jwenn nan Jezi
Tout sa m tap chèche
Lapè, lajwa, e lasante
E Jezi ban mwen lavi etènèl
Sa m pa t kapab achte.

4.
Jezi bezwen lòt moun pou zanmi li
L ap rele ou, l ap rele ou
Si ou reponn Li l a resevwa ou
E li va sove ou.