1
Nan la Bib yo rakonte
Istwa yon pwofèt Bondye
Te voye nan yon vil tou plen peche;
Moun la yo pa t ko tande
Pale de lagras Bondye
Men pwofèt la pa t gen kouraj pou ale.
Kè
O laba! Wi laba! Lè mwen rive nan syèl la!
Li va rakonte m tou sa, wi laba!
Nan peyi Alelouya!
M ap pran nan Jonas apa
E l a rakonte m tou sa, wi laba!
2
O! Bondye voye Jonas
Preche Niniv repantans,
Men Tasis li vle ale nan yon lòt bato;
Men van an te vante byen fò
Li pa t kapab ret abò,
Se nan vant pwason an li sonje priye.
3
Nan mitan yon gwo lanmè
Dlo nan je, l ap lapriyè
Men pwason rejte Jonas sou rivaj
Avèk jwa l ale tou swit
Preche Niniv yo konvèti,
Dezobeisans fini e li vin saj.
4
Lè Jonas pale konsa
Wa Niniv la repanti
Li mande pou tout pèp la fè yon jèn
Pèp Niniv yo konvèti,
Granmoun, timoun, jèn kon vye
Fòs la nan men Letènèl, Wi laba.