15 Konté-m ladan

1.
Lè ou konte moun ki pou Jezi
Konte m ladan,
Nan moun ki konfye nan Pawòl Li,
Konte m ladan.

Kè:
Konte m pami pitit
Ki pou Wa syèl la
Konte m pami sèvitè k ap sèvi a,
Konte m pami moun sove alelouya,
Konte m ladan.

2.
Lè ou konte moun ki nan lagras
Konte m ladan,
Sa yo an Kris ki genyen yon plas
Konte m ladan.

3.
Lè ou konte temwen yo pou Kris,
Konte m ladan,
Ki va genyen kouwòn lajistis,
Konte m ladan.