14 Abondans la vi

1.
Nan Kris e nan Kris sèl n a jwenn vrè lavi
Se gras a Li vye nat a mouri,
Li rachte mwen nèt, kò, nanm, ak lespri mwen
Se pa mwen k ap viv, men Kris viv nan mwen.


Abondans lavi, se sa m jwenn nan Li,
Li transfòme mwen
Pou m sèvi Li byen,
San Li te rachte mwen;
Li ban mwen Lespri Sen,
Se nan Kris ki gen abondans lavi.

2.
Sentespri Bondye konvenk mwen de peche m,
Li fè m konfye nan pwomès Bondye tou
Glwa apre glwa m ap transfòme pou m rive
Sanble nèt avèk Jezi Senyè mwen.

3.
Dlo ki nan sous lavi a ap debòde,
E se li ki pote benediksyon.
Se lavi an abondans L ap transpòte,
Li bay lanmou, lajwa, lapè ak padon.