55 Lè Zouazo Tonbé Bon-Dieu Ouè-l

1.

Lè zouazo tonbé Bon-Dieu ouè-l,

Li véyé yo toujou

Si Bon-Dieu rinmin ti zouazo

Mouin konnin-L rinmin-m tou.

Kè:

Li rinmin-m tou, Li rinmin-m tou,

Mouin konnin-L rinmin-m tou,

Puiské Li rinmin ti bagay,

Mouin konnin-L rinmin-m tou.

2.

Li fè bèl flè lis nan chan yo,

Li rouzé yo ak dlo,

Si-L gin doua rinmin bèl ti flè

L-a rinmin ti mon-n yo.

3.

Ni flè, ni bèt, ni ti pouason

Bon-Dieu té fè yo tout,

Li pap blié gnou sèl ti moun

L-a rinmin yo san dout.