1.
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansan-m,
Nou sé zanmi intim, amou Li gran,
Nou kozé souvan nan chémin la vi a
M-pa bézouin pè,
Li pran souin mouin tout tan..(bis 3 lign)
2.
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansan-m,
Tout bagay konkou ansan-m
Pou byin mouin,
Li toujou la, malgré mouin pa kab ouè Li
Li égzanté mouin nan mové chémin.
(3 lign 2 foua)
3.
Bon-Dieu ak mouin n-ap maché
Si byin ansan-m,
Li fè-m konnin tout plan sélès Li fè,
Li ba mouin fòs pou maché nan la vi sa a
M-a réjoui ak Li pou létènité. (bis 2 lign)