61 Té gin gnou fan-m ki té fè 12 an malad

1.
Jezi, Jezi, Jezi ki renmen mwen
Li vin sou latè, li ban mwen lavi
Li mouri pou mwen e mwen sove
Jezi resisite mò e li te geri malad yo
Li chase demon li fè avèg yo wè
Li te geri lepre yo e menm paralitik yo
Jezi bon Sovè a te fè anpil mirak.


O mwen renmen li, m ap adore li
M ap chante poul li, se mèvèye.

2.
Men yo te arete l yo te mennen l tribinal
Yo te fè anpil riz pou yo te pwan l nan pyèj
Jezi pa te koupab men yo te kondane li
Yo te krisifye li, li resisite
Kounye a li vivan m ap chante pou li
O wi mwen kontan li ban mwen lavi.


Li mouri pou nou tout, Li ban nou lavi
Nou gen rekonesans, n ap chante pou li
Jezi, Jezi
Si se pou Jezi nou ap chante
E si se nan Jezi nou mèt danse
Jezi, Jezi.

3.
Li te mouri pou mwen, Li te mouri pou ou
Sa k fè li fè tout sa? paske li renmen nou
Li ale nan syèl la, l ap retounen ankò
Pou li ka vin chèche sa ki fè volonte l
Li fè nou pwomès, sa se verite
Nou pa kap rete san n pa chante pou Jezi.