1
Men yon bèl promès:
Mwen p ap janm bliye ou.
Anyen p ap moleste m ni detounen mwen.
Menm si tenèb la fè mwen pa wè ditou,
Pi devan limyè selès la va klere.
Kè
Mwen p ap kite ou ni bliye ou,
Nan men mwen mwen kenbe ou,
Nan bwa mwen m antoure ou;
Mwen p ap kite ou ni bliye ou,
Mwen se redanmtè ou, m ap okipe ou.
2.
M ap kwè pwomès la:
Mwen p ap jann bliye ou.
Annavan m ap mache ak yon chan jwaye;
Zanmi lemonn bliye m e meprize m tou,
Men Jezi sonje mwen, se sa ki konte.
3.
Kan lè a rive pou mwen kite tè sa a,
M a tande vwa Jezikri Redanmtè mwen:
Ou te kenbe lafwa toutan ou te laba
Antre isit bon e fidèl sèvitè.