62 Moin vlé chanté pou Jézu

1.
Byen pre pa lakay
Menm si w wè w prèske rive
Byen pre pa lakay
Menm si w wè vil la devan ou
Byen pre pa lakay
Menm si pwoblèm yo rezoud
Byen pre pa lakay
Ou pa bezwen triyonfe.

2.
Gen kèk gwo kretyen
Ki la lontan nan legliz
Yo tèlman ansyen
Yo kwè yo konn tout bagay
Yo chita chita yo, yo pa janm fè pwogrè
Lè moun egzòte yo,
Yo di se ansyen yo ye.

3.
Gen kek gro kretyen
Ki gen senkantan legliz
Yo nan tout program,
Kote misyon ye yo la
Lè yo vin legliz yo toujou pran plas devan
Men si yon frè pile yo,
Yo fache pou yo mouri.

4.
Gen kèk gro levit ki vin tou cho nan legliz
Yo zanmi pastè, yo zanmi predicatè
Yo bay gro lajan yo nan tout aktivite
Men yo pa janm chanje
Paske yo pa janm sove.

5.
Sonje lè Moyiz te fin delive pèp la
Li t ape mache men nan men ak Letènèl
Li rive sou wout li pa t obeyi Bondye
Moyiz wè kanaran, men li pa t antre ladan l.

6.
Gen anpil kretyen
Ki rampli avèk lògèy
Yo toujou panse
Yo pi bon pase tout moun
Lè yo jwenn avek ou
Yo preske paka salye w
Men devan Letènèl
Tout kretyen gen menm valè