59 Moin sé solda Jézu

1.
Jezi Sovè mwen, m ap di ou mèsi
Deske ou rachte m, ou pa t kite m peri
Nan peche m yo, mèsi Papa
Pa kite m tombe, pa kite enmi yo
Triyonfe sou mwen.

2.
Ou jistifye mwen, avek pwòp san ou
Ou mete m apa pou m fè louwanj ou
O Bondye mwen konfye m nan ou
Pa kite m tombe, pa kite enmi yo
Triyonfe sou mwen.

3.
Men Konfye m nan ou,
O bon Sovè mwen
Pwan mwen nan men ou
Pou m ka fè wout la
O Bondye mwen konfye m nan ou
Pa kite m tombe, pa kite enmi yo
Triyonfe sou mwen.