1.
Gen yon non mwen renmen chante,
Se yon non mwen p ap janm bliye,
Paske se grasa li mwen sove,
Non sa a se non Jezikri
Kè
O wi mwen renmen Jezi! _(3 fwa)_
Paske Li renmen m avan
2.
Gòlgota mwen p ap janm bliye,
Se la Kris mouri pou sove
Tout pechè ki vle vin lave
Nan san li ki koule la.
3.
M ap sere pawòl Bondye
Nan kè mwen pou mwen pa peche
Kont Jezi ki te sove nou
Lè li te mouri pou nou.