51 Mapé suiv ou O Bon Sovè

1.
Senyè Jezi gad jan ou bon Senyè;
N ap fè louwanj pou ou, pou tout sa ou fè.
Ou delivre nou nan aksidan yo
Nan maladi yo, nan peche nou yo
Se poutèt sa, n ap fè louwanj pou ou.


Men jis kilè w ap retounen, Senyè?
Anpil pitit ou ape mouri mal.
Mechan touye yo, mechan manje yo,
Men nou konnen w ap vin jije
Tout kriminèl yo.

2.
Nou gen konsyans,
Se nan labou ou jwenn nou;
Ou lave nou epi ou fè n vin pwòp.
Ou soufle sou nou souf lavi pa ou la,
Grasa ou Senyè nou santi n sove
Se poutèt sa, n ap fè louwanj pou ou.

3.
Chak jou nou leve lemonn mande chanjman;
Men yo panse se gouvènman k ap fè l.
Jou aprè jou nou wè sa ap pi mal
Paske se Jezi k ap vin fè chanjman
Se poutèt sa, ann prepare tann li.