1.
Byen pa m pa isiba
Se pasajè mwen ye,
Menm si mwen malere
Men sa pa fè m anyen;
Jezi se trezò, avèk li mwen satisfè
Alelouya! m gen yon plas nan syèl la.
Kè
O! wi, m santi m kontan
Non mwen ekri nan syèl la
Menm si sou tè sa a
Mwen jwenn difikilte
Men sa pa fè m anyen
Jezi te pase plis
Alelouya! m gen yon plas nan syèl la.
2.
Frè m yo nan Senyè a
Piga nou dekouraje;
Chemen an pa fasil
Pou n rive nan syèl la.
Mepri, pèsekisyon se sa ki sou wout la
Alelouya! yon jou sa va fini.
3.
Pa okipe lemonn k ap rejwi jodi a,
Y ap fè anpil pwogrè
Men tout sa ap pase.
Nou Menm ki se Kretyen
Nou gen vi etènel
Alelouya! se kretyen yo ki rich.