1.
M ape swiv ou O! Bon Sovè
Nenpòt kote ou prale.
Tout kote ou vle kondwi mwen,
Pran devan m ape mache.
Kè
Bon Sovè m ape swiv ou
Ou ki te mouri pou mwen
Menm si tout lòt moun ta nye ou
Men Senyè, konte sou mwen
2.
Chemen an te mèt difisil,
San limyè e san trase;
Depi ou la, l ap vini fasil
M ap swiv tras ou e m ape mache.
3.
Si ou mennen m nan gran jouden an,
Gran kouran p ap fè mwen pè.
Paske ou travèsè l avan,
Men Jezi, m ape swiv ou pi prè.