1.
Te gen yon fanm ki te fè douzan malad
Li t ap plede bay san tout lajounen
Depi douzan, ni lannwit ni lajounen
Malerèz la depanse tout sa l genyen
Apante tout kay doktè
Mache lakay gangan pou granmesi
Tout moun t ap di pa t gen espwa
Fanm sa a se jou li t ap konte pou l mouri.
2.
Pandan Jezi t apral kay Jayirus la
Ak yon pakèt moun ki t ap avanse
Fanm nan prese l kouri antre nan foul la
Kon you koulèv li tap fofile
Foul la anpil li te fòse l avanse
Pyès moun pa t konn sa l te vle
Li fè anpil efò jouk tan l rive
Fanm nan kanpe, li touche wòb Jezi
Li te jwenn yon pisans nan wòb la.
Kè
A la yon pisans ki gen nan wòb Jezi a!
Fanm nan te agi fwa li
Sèlman li touche wòb la
Epi l te jwenn gerizon
Gen yon bagay Senyè a te di fanm nan
Sa se yon leson li vle pou n pratike
Avèk lafwa nou va jwenn tout sa nou vle
Men fòk nou met konfyans nou nan Jezi.
3.
Menm Jodi a pandan nou nan legliz la
Jezi gen lòt mirak pou l opere
Moun k ap priye, ou mèt kontinye priye
Gen anpil miray ki pral kraze
Pèsevere, pa dekouraje frè m yo
Kenbe lafwa tout sè m yo
Talè konsa nou pral delivre
Tout moun ki vle
Kapab goute pisans lan
Si yo vle met konfyans nan Jezi.