1.
Mwen vle chante pou Jezi
Moun vle pale de sa Jezi fè pou mwen
Mwen p ap sispann ba li glwa
Mwen p ap sispann temwanye,
Jistan li pran vi mwen.
Kè
Se nan fatra Kris te ramase m
Anba peche, li te soulaje m
Se nan fatra Kris te ranmase m
Anba peche, li te delivre m
2.
Ou menm zanmi k ap koute
Eske ou pa wè li ta bon, pou chante pou Jezi?
Nan Jezikri se la jwa, nan Jezikri se lapè
Poutèt sa m ap chante.
3.
Lè m va monte anwo a
Pou m al rankontre Jezi, eske ou va la tou?
Ebyen m ap envite nou pou n aksepte Jezi
N a gen lajwa lavi.