1.
Pouki w bat kò w pou sa k ap vin demen
Pou tout bagay nou pa kapab konprann;
Si n ap viv chak jou pou n atenn bi a,
Se pou n veye pou touche ke wòb Senyè a.
Kè
Desizyon nou ka fè nou jwenn wout pèfeksyon an
Revèy Bondye nan nou va pi gran
Pase tout lòt yo.
E lè vwa Jezi va pale ak nou
Annou veye pou n touche ke wòb Senyè a.
2.
Pouki ou bat kò ou pou yon mariaj fòse?
Pouki ou pa tann Senyè a fè chwa pou ou?
Eske maryaj vle di sa sove pou sa?
Se pou n veye pou n touche ke wòb Senyè a.
3.
Fòk nou fò, fòk nou kriye an avan;
Fò n pa fache lè bagay yo mache mal.
Jezi konnen bezwen chak pitit li
Se pou n veye pou n touche ke wòb Senyè a.