1.
Yon zanmi renmen m, yon zanmi rayi m,
Yon zanmi sove mwen.
Zanmi sou latè, se lè m gen lajan,
Lè m pa gen lajan mwen pa anyen.
Kè
Jezi sove m, Li delivre m,
Jezi sove nan m mwen.
O mwen vle chante istwa li, glorifye non Li
Jezi ou se mèt mwen.
2.
Mwen rankontre Jezi nan yon chemen,
Li mande mwen kote m pral;
Mwen di Chè Senyè se ou m ap chache,
M ap swiv ou jiska lafen.
3.
Mwen te kondane pou m te mouri,
Paske peche m te gwo;
Jezi rele mwen sou mòn Golgota
Pou l ban mwen lavi Etènel.
4.
Yon zanmi ban mwen kares, lanmou
Toutan m pa nan tonbo.
Zanmi sou latè, se lè m gen lajan,
Lè m pa gen lajan mwen pa anyen.