10 Tout Bonè Mouin Nan Jézu-Kri

1
Tout bonè mwen nan Jezikri
Kris pou mwen! (2 fwa)
San Jezi mwen pa gen lavi,
Kris pou mwen!
Se li ki Wa m, li se Sovè m,
Se li menm tou ki bon doktè m
Si l pa te la, sa mwen ta fè ?
Kris pou mwen! _(2 fwa)_

2
Kite zòt batay pou lajan,
Kris pou mwen _(2 fwa)_
Mwen gen kichòy pi konsekan,
Kris pou mwen!
Si ou ban m rad avèk bijou,
Si ou fè m rich nan yon sèl jou,
Tou sa se pa anyen toujou,
Kris pou mwen! _(2 fwa)_

3
Nan sante kou nan maladi,
Kris pou mwen! _(2 fwa)_
Lè kè m kontan, lè m ap soufri,
Kris pou mwen!
Lè tan m rive pou mwen mouri,
Kite tout bagay nan lavi,
Mwen p ap kriye, mwen p ap kouri,
Kris pou mwen! _(2 fwa)_