3 Si ou vlé kasé tout kòd vié péché

1
Si ou vle kase tout kòd vye peche,
Gen fòs nan san Kris, _(2 fwa)_
Si w vle gen viktwa sou tout mechanste,
Gen fòs nan yon sèl sakrifis.


Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil
Nan san Kris, krisifye;
Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil
Nan presie san Kris lagno Bondye.

2
Si ou vle kite pasyon ak lògèy,
Gen fòs nan san Kris; (2 fwa)
Sous kalvè a ka lave tout peche,
Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

3
Si ou vle jete tout feblès lachè,
Gen fòs nan san Kris; (2 fwa)
Bon zèv ou p ap fè ou chape lanfè,
Gen fòs nan yon sèl sakrifis.

4
Si ou vle sèvi Bondye fidèlman,
Gen fòs nan san Kris, (2 fwa)
Moun ki chante glwa li etènèlman,
Gen fòs nan yon sèl sakrifis.


Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil
Nan san Kris, krisifye;
Wi, gen fòs, fòs, wi gen fòs anpil
Nan san Kris ki ti mouton Bondye.