6 Ségné, Angnin M-Pa Ka Ba Ou

1
Senyè, anyen m pa ka ba ou
Sèl yon kè ki bouke soufri,
E san ou mwen pa ka geri,
Mizè mwen devan ou.

_Kè_
Pran mwen jan ou wè m nan,
San fòs e san soutyen,
Jan ou wè m nan _(2 fwa)_
O Jezi, gran frè mwen

2
Mwen pa toujou obeyi ou,
Peche kouvri m latètopye
Lè pou m prezante devan ou
Peche sèlman m pote.

3
Mwen fèb nan kè, mwen fèb nan chè,
Pou m reziste devan satan;
O Senyè mwen, mwen fèb tout tan
M ap rele: ban m limyè

4
San w ki koule a pirifye m,
Sentespri ou va konsole m,
Richès ou yo va anrichi m
Men mwen! Vini sove m.

_Kè_
Pran mwen jan ou wè m nan,
San fòs e san soutyen,
Jan ou wè m nan_ (2 fwa)_
O Jezi, gran frè mwen