1
San Sovè, san Bondye,sa ou va fè ?
Tout moun gen pou mouri, sa ou va fè ?
Lè jou pa w la rive, kote w prale ?
Si ou pa gen Jezi, sa ou va fè?
2
Ou menm k ap ri tout tan, sa ou va fè ?
Jou sa a ou va tou sèl, sa ou va fè ?
Si lè lanmò vini, ou pa pare,
Kè sote gen pou pran w, sa ou va fè ?
3
Èske gen yon kote pou ou kache ?
Lè Bondye rele ou, sa ou va fè ?
Nou tout : gran moun, timoun, jèn jan, jèn fi;
Moun ki renmen peche, sa nou va fè ?
4
Moun ki renmen Jezi al jwenn Bondye
Li se yon bon papa, li sove yo
Lanmò p ap fè yo pè, Jezi ak yo;
Li kache yo nan bra l, li sove yo.