1
San Jezikri gen gran valè,
Li ban nou padon;
Jezi vle sove tout pechè,
Delivre l tout bon.
Kè
San an koule pou tout pechè,
Rebèl kont Bondye;
San Jezikri gen gran valè,
Se sa ki rachte m.
2
Èske chay peche ou byen lou ?
Èske l wouj kon san?
Jezi ka netwaye kè ou,
Fè ou pwòp kon li.
Kè
San an koule pou tout pechè,
Rebèl kont Bondye;
San Jezikri gen gran valè,
Se sa ki rachte m.
3
Kounye a nou kapab antre
Nan prezans Bondye,
Ak asirans san Jezi
Wete tout peche.
Kè
San an koule pou tout pechè,
Rebèl kont Bondye;
San Jezikri gen gran valè,
Se sa ki rachte m.
4
Ak san sa a nou kapab brize
Tout pisans satan;
Ak san sa a nou kapab jwenn
Lapè pou tout tan.
Kè
San an koule pou tout pechè,
Rebèl kont Bondye;
San Jezikri gen gran valè,
Se sa ki rachte m.