11 CEF, Page 125
1
San Jezi mwen pa kapab viv
Mwen pa ka fè yon sèl pa;
Se li menm sèl mwen ta vle suiv.
M ap suiv li jouk sa kaba.
Kè
_Anyen mwen pa gen pou m krenn_
_Puiske Sovè m ap veye m;_
_M ap suiv li san mwen pa plenyen_
_Li p ap kite mwen neye._
2
Amou li avèk pwomès li
Ranpli kè m ak yon gran jwa;
Mwen mèt tou fèb mwen mèt kagou,
M sèten l ap ban m laviktwa.
Kè
_Anyen mwen pa gen pou m krenn_
_Puiske Sovè m ap veye m;_
_M ap suiv li san mwen pa plenyen_
_Li p ap kite mwen neye._
3
Lè fènwa vin pou fè m tranble,
Avèk li mwen brav anpil;
Lè vwa satan ape gwonde
Mwen rete dousman, trankil.
Kè
_Anyen mwen pa gen pou m krenn_
_Puiske Sovè m ap veye m;_
_M ap suiv li san mwen pa plenyen_
_Li p ap kite mwen neye._
4
Jezi, wete tout sa k pa pwòp
Nan kè mwen, pou mwen mache;
Pirifye mwen, lave m, fè m pwòp
Jan Bondye vle pou mwen ye.
Kè
_Anyen mwen pa gen pou m krenn_
_Puiske Sovè m ap veye m;_
_M ap suiv li san mwen pa plenyen_
_Li p ap kite mwen neye._