1 Rédanmtè mouin mouri sou la koua

1
Redanmtè mwen mouri sou lakwa
Pou nou kapab viv si n resevwa l.
Li vin rachte tout moun nan peche,
Si nou kwè nou p ap janm kondane.


Lè Bondye wè yon pechè _(2 fwa)_
Ki kouvri avèk peche 
Met lafwa nan Jezi, Li padone l.
 
2
A! ou mèt pi mechan sou latè,
Kè ou mèt di tankou yon bout fè,
Si ou vin jwenn Jezi pou sovè w
Tout syèl la kontan, ou delivre.


Lè Bondye wè yon pechè_ (2 fwa)_
Ki kouvri avèk peche 
Met lafwa nan Jezi, Li padone l.
 
3
Bondye bon li ban nou Pitit li ;
Pandan nou gen lavi, repanti
Paske, kòlè Bondye se dife,
Kouri, vini, sòti anba malè.
 


Lè Bondye wè yon pechè _(2 fwa)_
Ki kouvri avèk peche 
Met lafwa nan Jezi, Li padone l.
 
4
Vi ou dwe pwòp tankou Jezikri,
San l va lave ou, w a gen Lespri.
Vini, vini tan an ape pase
Si ou mize twòp, sa ou va fè?
 


Lè Bondye wè yon pechè _(2 fwa)_
Ki kouvri avèk peche 
Met lafwa nan Jezi, Li padone l.