70 Onore puisans non Jézu

70 Chant d’Espérance | CEC, Page 141

1
Onore pwisans non Jezi,
Tout anj dwe fas atè.
Pote vini kouwòn pi sen
E kouwone li Senyè.
Pote vini kouwòn pi sen
E kouwone li Senyè.

2
Pèp chwazi nan ras Izrayèl,
Nou menm Bondye rachte
Ba li glwa, li ki ban nou Syèl
E kouwone li Senyè.
Ba li glwa, li ki ban nou Syèl
E kouwone li Senyè.

3
Se pou tout moun nan chak nasyon
Ki rete sou latè,
Ba li lonè kòm pi gan Chèf
E kouwone li Senyè.
Ba li lonè kòm pi gan Chèf
E kouwone li Senyè.

4
An nou ini nou ak zanj yo
K ap adore nan syèl,
N a chante yon kantik nouvo
E kouwone li Senyè.
N a chante yon kantik nouvo
E kouwone li Senyè.