112 CEK, Page 152
O Sovè, ou te pran kè mwen
Kounye a, mwen pou ou.
Lavi, lajwa, lapè, tout sa
Se nan ou mwen jwenn yo.
_Kè_
_Kè mwen ap chante toulejou,_
_Paske lespri mwen lib nan ou._
_Nanm mwen plen ak lanmou pa ou,_
_Senyè, mwen jwenn repo chak jou._
2
Sentespri abite nan kè m,
Mwen pa gen krent nonplis.
Tout fado peche m ale,
Mwen apiye sou Kris.
3
Kè mwen debòde ak lanmou,
Mwen konnen mwen pou ou.
Devan twòn gras ou m ajenou
Pou priye ou chak jou.