85 Chant d’Espérance | CEC, Page 145
1
Nou pa krenn ankò,
Ni twoub ni lanmò!
Lespri a vini,
Jezikri monte,
Sentespri desann.
2
Jezi nan syèl la,
Ban nou Sentespri ;.
Se yo avalwa
Sou eritaj nou
Yon bèl temwanyaj.
3
Jezi renmen nou;
Li pran n nan labou;
Li fè n yon kado,
Li janm wete :
Se lespri Bondye.
4
Lespri avèk nou,
Sèvi kon gid nou
Li ban nou lanmou
Li tabli wayòm
Lanmou li nan kè nou.
5
Wi tout moun ki kwè,
Yo va delivre:
Y a konnen lapè,
Ak pisans Bondye,
Yo va delivre.
6
Ann fè yon sèl vwa
Ann chante ak jwa,
N ap swiv Senyè a
Jiskaske l tounen
Pou n renye avè l.